Sous: Le Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence (CLE) ak Partenariat Pour le Développement Local ( PDL)
Chanjman klimatik, entwodiksyon : Tout peyi nan lemond antye mobilize yo pou rive frennen gwo menas ki pandye sou lèzòm ki gen lyen ak chanjman klimatik. Toupatou nan peyi d Ayiti, anpil peyizan ap di, nan tan lontan lavi a te pi bon, latè te konn bay plis rannman, la nati te bèl anpil ak bèl pyebwa. Anpil zwazo te konn ap chante toupatou.. Anpil gwo menas pandye sou tèt nou. Tè nou yo fin degrade, anpil gwo siklòn lakoz rivyè yo fin debòde, inondasyon menm se pa pale. Problèm sa yo antrene gwo maladi nou pa t janm konnen nan peyi a. Lè se pa gwo siklòn ki kouvri nou, se sechrès ki koz sous dlo nou yo fin seche. Moun ak bèt pa ka jwenn dlo pou yo bwè. Grangou menm blayi kòl sou tout peyi a , lè sa, plis moun mouri nan malnitrisyon ak lòt vye maladi. Men anpil moun pa byen konnen koz yo. PDL, nan lit l ap mennen pou ranfòse kapasite 14 òganizasyon patnè li yo, mete yon pwogram ki rele « Lit Kont Risk Chanjman Klimatik Pwoteksyon Anvironman ». Manm òganisyon espesyalman manm KKS yo ak lidè Blòk yo pral konnen gwo menas ki pandye sou tèt poplisyon an akoz chanjman kap fèt nan klima a.
Kisa ki chanjman klimatik la?
“Klima” se chanjman ki fèt nan zafè tan sou yon peryòd. An jeneral yo konsidere 30 lane. Zafè klima pran an kont, tanperati, van ak lapli sou plizyè sezon. Klima tè a chanje tout tan. Li konn chanje deja pou yon pakèt lot kòz natirèl.
- Kòz natirèl: rezilta nan rapò ant lanmè a ak atmosfè a, chanjman nan òbit tè a (sa vle di jan li vire), chanjman nan enèji li resevwa nan solèy la, eripsyon vòlkan yo, elatriye;
- Kòz lèzòm enfliyanse: gaz nou lage nan atmosfè a tankou gaz kabonik (CO2) ak metàn (CH4).
Kèk tèm nou dwe konnen
Tanperati: Se kantite chalè oubyen fredi ou santi a. Gen plizyè fason yo ka mezire li.
Gaz, gaz kabonik: Yon gaz se yon lè ki la nan lanati. Gen divès kalite gaz. Yo chak aji yon fason. Gaz kabonik la, se yon gaz ki fèt ak de lòt gaz, kabòn ak oksijèn. Li pwodui lè yon bagay boule oubyen dekonpoze. Tankou bwa, chabon, oubyen gazolin.
Atmosfè : Atmosfè a, se yon kouch gaz (ki antoure tè a). Ou paka wè li lèw sou late, men si w te nan lespas ou tap wè li parèt toublanch tankou yon sentiwon sou tè a. Atmosfè a pwoteje lavi sou Latè paske li kenbe radyasyon solèy la, chofe sifas planèt la, epi evite gwo diferans tanperati ki tap genyen ant lajounen ak lannwit.
Enèji solè : Se yon enèji solèy la voye, ki vini sou fòm limyè ak sou fòm chalè.
Chalè/Reyon enfrawouj: Se yon reyon limyè zye w paka wè.
Chalè ki degaje: Se chalè latè resevwa nan men solèy la, epi li voye li tounen tankou reyon enfrawouj.
Chalè ki tounen: Se pati nan chalè ki degaje a ki pa kite atmosfè a, ki rete pou kapab kenbe tè a cho.
Effet de serre: Tout fenomèn nou sot esplike la a, rele effet de Serre. Sa vle di tè a resevwa limyè solèy la, li refoule yon pati nan lespas, gen yon lot pati nan enèji a sa a ki rete pou chofe tè a.
Enèji Fosil: Se enèji yo rive pwodui lè yo boule bwa, chabon ak tout lòt gaz natirèl ki gen kabòn.
Kijan plant yo respire epi rejte gaz?
Respire kabòn :
Pyebwa yo respire diyoksid kabòn nan atmosfè a epi lage oksijèn.
Dekonpozisyon :
Pyebwa yo rejte yon pati nan kabòn sa a nan atmosfè a. Yon lòt pati nan kabòn rete nan tè a.
Boule gaz:
Pyebwa ki koupe pou fè dife ak lòt sous gaz pral lage kabòn nan atmosfè a.
Ki kote Chanjman klimatik la soti?
Chanjman nan klima a, se yon bagay natirèl. Chanjman klimatik la vin pi rapid akoz ogmantasyon Itilizasyon enèji fosil :
- Endistri
- Agrikilti endistriyèl
- Deforestasyon
- Transpò ak Polisyon
Kèk prèv rechofman klimatik la se yon reyalite
- Tanperati mwayen tè a ap ogmante. Obsevasyon tanperati sa, yo komanse obsève li depi 1970;
- Dlo lanmè a vin pi cho, sa ki fè anpil nan glas ki nan pol yo kòmanse fonn. Sa kòz tou dlo lanmè a monte;
- Tout kote ki gen anpil glas yo tankou pòl yo, imalaya, alaska, zòn glas sa yo ap vin pi piti;
- Gen plis evenman klimatik ki ap ap rive tankou, gwo chalè ak gwo sechrès.
Ki konsekans chanjman klimatik la?
An jeneral yo gade konsekans chanjman kilmatik yo genyen sou moun ak nan lanati:
- Bò lanmè yo (Dlo a ki ap monte, Moun yo ki oblije deplase)
- Sou Agrikiliti(Vi plant yo chanje, yo pa fleri a le, gen sechres
- Biyodivèsite yo menase (Anpil èspès ap disparèt, youn apre lòt)
- Aksè ak disponiblite dlo : (Lapli pa tonbe menm jan, sous ap teri)
- Plis maladi ap devlope (Deng, chikoungounya, vin parèt akoz bèt ki deplase)
Kisa nou ka fè epi kijan pou n adapte nou?
- Idantifye Pwoblèm nan
- Chanjman klima a natirel. Se nou ki fe li tounen yo katastwof. Se nou menm lezom ki pwoblem nan
- Idantifye solisyon yo
- Diminye kantite kabon ak lot « gaz a effet de serre » n ap pwodui
- Pratike yon agrikilti responsab
- Pwoteje anviwonman an
- Aji ansanm
- Konprann se afe chak moun. Leta, sitwayen, sosyete sivil, lapres, elatriye
- Adapte nou ak nouvo reyalite yo
Ki sa nou dwe sonje
- Chanjman nan klima a, se yon bagay natirèl;
- Men aktivite lèzòm modifye fason klima a varye;
- Kòm konsekans, jodi a nou anfas yon risk katastwòf mondyal ki ka gen gwo enpak anviwònmantal, sosyal, ak ekonomik