Groundswell International ak PDL mete aksan sou pwosesis inovasyon agwoekolojik ki santre sou agrikiltè ak ekstansyon de agrikiltè-a-agrikiltè pou gaye aprantisaj ak pratik efikas. Se yon apwòch pratik, ki baze sou metòd aprantisaj pratik , kote agrikiltè yo amelyore sistèm agrikilti yo kontinyèlman selon chak sezon agrikòl.
Nan anpil lokalite ak kominote nan peyi an develòpman atravè mond lan, gen yon kantite pratik ak prèv ki montre efikasite agrikilti agwoekolojik ak sistèm manje lokal dirab pou amelyore pwodiksyon manje ak revni, redwi povrete ak malnitrisyon, rejenere tè ak byodivèsite, epi bati rezilyans kont chanjman klimatik.
Agwoekoloji kakab genyen plizye definisyon ak konpreyansyon. Pandan domèn agwoekoloji a ap grandi, genyen anpil travay enpòtan ki ap fèt pou kreye yon amoni ant prensip ak eleman kle yo.
