Sous: Association des Cadres pour la Protection de l’Environnement (ACAPE)
Pwojè MWEN GEN PWA Gid sou teknik konsèvasyon sòl
ESTRIKTI POU KONBAT EWOZYON
Gen 7 estrikti ki ka itilize pou plante sou tèt mon :
• Ranp vivan
• Kleyonaj
• Fasinaj
• Kòdon wòch
• Agwoforestri
• Teras
• Kanal kontou
Chak nan estrikti sa yo dwe adopte selon resous ki disponib nan jaden an.
Ranp vivan
Jan non a di l la, ranp vivan yo se yon baryè ou byen yon kloti ki fèt ak yon bann plant ki plante sou koub nivo nan yon lajè ki pa depase 30 cm.
Gen 3 fòm ranp vivan moun ka fè:
• Bann zèb
• Bann ti pye bwa
• Bann manje
Ranp vivan yo se yon teknik ki efikas anpil pou konbat ewozyon. Nan moman lapli yo sèvi tankou yon filtè ki anpeche krèm tè a pèdi. Yo pèmèt mòn yo vin rejenere. Chwa bann vivan fèt selon sa plantè a vle fè sou tè a (gadinaj, forè, kilti) ak pwofondè sòl la.
Kondisyon pou fè ranp vivan
Li konseye pou fè ranp vivan pou tèren ki gen ki pi piti pase 60%. Si pant la ta pi wo, li t ap pi bon si nou ta plante pye bwa ladan yo. Teknik sa pa mache byen kote lapli pa tonbe fasil paske plant ap mouri si yo pa jwenn dlo. Pou ka jwenn bon rezilta nan ranp vivan an, sòl la dwe gen yon pwofondè 25 cm pou pi piti. Estrikti sa yo p ap mache nan zòn kote lapli pa tonbe fasil.
Avantaj ranp vivan
Ranp vivan yo amelyore estrikti ak fètilite sòl la epi pwoteje l kont dlo k ap pase sou li. Si yo plante legiminez tankou Lesena, pwa kongo, l ap pote azòt nan tè a. Nan peryòd emondaj, branch yo ap sèvi pou manje bèt ak
angrè vèt.
• Ranp vivan fasil pou etabli epi li pa koute chè
• L ap fè anpil tan nan jaden epi li fasil pou pran swen
• Li se yon sous manje pou moun ak pou bèt
• Li amelyore estrikti sòl la
• Li jwen wòl briz van
• Li fikse azòt nan tè a
Dezavantaj
Ranp vivan yo pran plas nan jaden an. Si yo pa byen pran swen plant ki nan ranp yo, yo ka bay kilti prensipal la lonbraj epi anpeche yo devlope. Epi gen konpetisyon nan jaden an pou dlo, solèy ak eleman nitritif ki nan tè a.
Karakteristik plant ki nan ranp vivan
Pou chwazi yon plant pou mete nan ranp vivan, li dwe:
• Bay anpil feyaj
• Pran fasil
• Fikse azòt
• Grandi vit
• Adapte ak zòn nan
• Reziste ak ensèk epi maladi
Bann zèb
imaj xx – bann ti pye bwa
Bann zèb se yon ranp vivan ki fèt avèk zèb. Zèb sa yo chwazi pou devlopman rasin yo ki ka kenbe tè a avek pou bay bèt manje. Zèb yo itilize anpil se zèb Ginen, Zèb Elefan, Zèb guatemala ak Vetivè. Vetivè se pi bon zèb nou ka itilize pou fè bann zèb paske rasin li yo antre byen fon nan tè a epi kenbe tout estrikti a. Men pafwa, moun yo konn rache rasin nan pou yo vann. Paske yo ka itilize lwil ki nan rasin nan pou fè pafen, savon ak anpil lòt pwodwi kosmetik. Nou pa dwe janm derasine vetivè ni lot zèb yo nan tè a paske sa ap detwi tout travay nou te fè deja yo epi pwoblem ewozyon an ap vin pi grav. Ou ka marye zèb yo tou ak kann, sitronèl, anana. Bann ti pye bwa ( Haie vive) Bann ti pye bwa yo se kloti ou byen bann vivan ki fèt ak ti pye bwa ki gen yon wotè ant 0,5 m a 1, 5 m. Nou ka itilize benzoliv, Lesena, Gliricidia ak pwa congo ki se legiminez ki ka fikse azòt nan tè a. Bann zèb vs bann ti pye bwa. Bann zèb yo pi efikas nan kenbe rapò kap soti anlè nan moman dlo ak lapli paske lè yap grandi yo kite okenn espas nan mitan yo. Men bann ti pye bwa yo bay pi
bon rezilta paske sistèm radikal yo pi fò epi rantre pi fon nan tè a. Epi, an plis manje bèt ak angrè vèt branch bwa yo ka sèvi pou fè lòt travay ak boule pou fè manje Konstriksyon
Konstriksyon ranp vivan yo gen 3 etap:
a) Piktaj
b) Teras
c) Plantasyon
Piktaj
Gade seksyon ki pale sou piktaj la nan fen dokiman
Ti Teras
Ti teras pou plante a dwe gen yon lajè ant 30 ak 40 cm epi rigòl la dwe fouye a yon pwofonde ant 15 a 20 cm. Epi li dwe gen yon kont pant a 10%
Plantasyon
Zèb yo dwe plante pre anpil ant 5 a 10 cm pou ak tè k ap desann pa jwenn kote pou yo pase.
Pou ti pye bwa yo, yo ka mete yo nan distans 10 cm a 15 cm youn ak lòt.
Nou ka fè semi dirèk avèk tou si nou gen semans disponib pou bann ti pye bwa yo. Sèlman sa ap pran plis tan.
imaj xx – teras
imaj – Plantasyon
Kèk ti konsèy
Sèvi ak zèb ki adapte byen nan zòn kote wap viv la.
Fè tay regilye sou zèb. Koupe yo wotè senti w. Bay bèt manje sa w koupe yo. Si w pa gen bèt, lagen yo nan jaden an pou yo ka sèvi anger natirèl.
Kite ti pye bwa yo vin pi wo pase 2 m. Si w kite yo, yap pran anpil espas nan jaden an epi anpil lonbraj kap anpeche kilti yo grandi.
Antretyen
- Nou dwe toujou netwaye ranp yo pou evite zèb
- Fè kloti pou anpeche bèt lage manje yo
- Replante zèb ak ti pye bwa ki pa leve
- Toujou fè tay sou zèb yo ak emondaj sou ti pye bwa depi yo depase 1.5 m
- Bouche tout tou vid ki nan estrikti a
- Mete tout zèb ak branch ki koupe yo devan ranp la pou kapab fèl vin pi solid
TABLO REZIME
Ranp vivan | Sa pou plante | Espès | Avantaj/dezavantaj | Benefis |
---|---|---|---|---|
Bann zèb | Zèb | Ginen, Elefan Guatemalai, Zèb si | Yo pa koute chè epi ou ka eksplwate yo | Ou ka vann yo oubyen bay bèt ou manje yo |
Vetivè | Zannimo pa twò renmen l, men li gen rasin ki byen devlope ki pwoteje tè a byen. L ap detwi tè a si nou rache l pou vann rasin yo. | Ou ka sèvi avèl pou kouvri kay, fè pafen ak lwil ( men sa pa bon) | ||
Anana | Manje an plis pou plantè a | Li ka manje, li ka vann li | ||
Kann | Li bezwen plis lapli | Li ka manje, li ka vann li | ||
Sitwonèl | Ou ka sèvi ak li kòm ensektisib biyolojik | Li ka fè te | ||
Bann ti pye bwa | Ti pye bwa | Lesena, pois congo, glirisidya, moringa | Yo bay manje bèt ak an grè vè | Yo fikse azòt nan tè a |
Rapèl
- Ranp vivan ka fèt sou yon pant ki pi piti pase 60%
- Li ka fèt sou tout kalite tè depi pwofondè a pa pi piti pase 25 cm
- Li dwe fèt kote ki gen lapli
- Jaden l ap fèt la dwe klotire
- Nou dwe plante espès kap bay fèy ak manje epi ki ka fikse azòt
- Nou ka plante lesena, glirisidia, anana, kann, zèb elefan, zèb ginen, Guatemala Bann ti pye bwa yo bay pi bon rezilta ke bann zèb yo.
- Pou ka jwenn pi bon rezilta, ranp vivan yo dwe plante sou koub nivo. Epi tou fòk konstriksyon ak antretyen ranp yo fè pati kalandriye plantè a. Nou ka ranfòse ranp vivan yo avèk pye bwa ou byen pye fwi. Ranp vivan p ap bay rezilta kote ki gen elvaj lib.
Bann manje
Bann manje yo se yon ranp vivan ki fèt ak manje nan
plas zèb ak ti pye bwa yo avèk yon kanal enfiltrasyon. Se
yon sistèm polikilti, ki pèmèt ou gen tout kalite manje nan
jaden epi ede konsève dlo ak sol la.
Li reprezante yon sipli pwodiksyon pou plante a paske li:
- Li ede konsève ak amelyore sol la
- Epi fè plis manje
- Endikasyon
- Li dwe fèt sou pant ki pi piti pase 40%
- Li ka fèt sou tout kalite sòl
- Sol la dwe gen yon pwofondè 30 a 40 cm
- Si sol la gen yon pwofonde si pi piti pase 30 cm epi
- epi pant la pi gwo pase 40% lap mande anpil
Antretyen
- Li ka fè tout kalite manje
- Mete kilti ki ka bay anpil kòb api ki p ap bon menm lè
- Sistèm sa mande anpil
- atansyon ak travay yon bann manje, se yon garanti pou toujou gen manje nan jaden w pandan tout ane a.
Pwojè MWEN GEN PWA
Konstriksyon
Bann yo dwe konstwi sou sou koub nivo chak 8 ou 15 m nan jaden an. Lajè yo kapab mezire ant 1 a 1,5 m.
Bann manje yo se yon estrikti ki gen 3 nivo:
a) Kanal la, li dwe gen yon lajè 40 a 50 cm epi 30 a 35 cm pwofondè. Se pati devan bann manje a, se la tout krèm tè kap soti anlè yo vin chita. Sa fè pati sa fètil anpil epi toujou genbe frechè. Nou ka itilizel pou plante bannann, papay ak lòt kilti. Nan tè ki gen ajil nou ou ka fè yon koup dwat ( talus droit). Si tè a sablez ou ka fè yon koup enkline.
b) Biyon an ou byen bit, li ka gen yon wotè 30 a 50 epi yon lajè ki 50 cm se pati ki nan mitan, ki vin fòme avèk tè yo retire pou fe kanal la. Kidonk se premye kouch tè nou te retire yo.Ladan l yo ka plante manyòk, yanm, malanga ak pwa kongo.
c) Denye pati a se ranp yon ranp pay, li sèvi gadò pou pwoteje tè a annatandan ranp vivan kò manse leve. Li gen ladan l kann, anana, benzoliv, zèb ak lòt pye bwa ki ka bay fwi.
Plant ki sou ranp vivan ap kòmanse donnen apre 8 a 12 mwa. Pandan tan sa, plantè a ka mete mayi ak pwa ou byen lòt kilti kap bon pi bonè sou bit la.
Espas ki ant chak bann manje, se espas natirèl kote plantè a ap mete kilti li vle mete nan jaden an.
Antretyen
- Toujou rache zèb yo
- Mete kloti pou zannimo pa vin manje plant yo
- Repase tout semans ki pa leve
- Toujou netwaye kanal epi pase men nan bit la
- Fè tay nan zèb yo ak ti pye bwa yo
- Bouche tout tou ki parèt nan sistèm nan
- Toujou mete pay ki koupe yo nan jaden an
Avantaj | Dezavantaj |
Toujou gen manje nan jaden an | Plan plis espas nan jaden an |
Mwens risk pou pest ak maladi | Gen plis konpetisyon pou solèy, dlo ak eleman nitritif |
Amelyorasyon estrikti sol la | Sa mande anpil travay antretyen |
MKleyonaj
Kleyonaj la se yon lòt teknik pou plante sou tèt mon kote yo plante yon bann pikèt sou koub nivo avèk bwa ki reboujon nen fasil, epi yo klise branch bwa nan pikèt yo.
Yo itilize kleyonaj sou tè pou fè manje avèk pou fè kèk kore ksyon nan ravin.
Endikasyon
- Li fèt sou pant ki pi piti pase 60% ;
- Li ka fèt nan tout kalite tè ;
- Sol la dwe gen yon pwofondè ki pi plis pase 20 cm Plant yo bezswen lapli pou ka repouse ;
- Sèvi ak ti pye bwa ki ka repouse vit tankou monben, kasia, banbou, gomye ;
- Li mande gwo antretyen pou chanje klisaj yo
Konstriksyon
Pou fè kleyonaj nou dwe swiv etap sa yo
- Idantifye pant yo ;
- Piktak ak koub nivo ;
- Pikèt yo dwe gen yon longè 1 m epi yo dwe gen yon lajè 50 cm ;
- Yo dwe plante ak pwofonde 30 cm nan te a ;
- Yo ka plase yo 50 cm younn ak lòt ;
- Klisaj ;
Apre sa, nou kapab sèvi ak branch wozo, banbou ou byen lòt branch bwa ki fleksib pou fè klisaj la. Pou klisaj la kapab solid fòk nou byen peze branch yo pandan nap klise yo
Antretyen
- Pwoteje espas la pou zannimo pa vinn manje plant yo;
- Repase pikèt kip a pran yo;
- Bouche twou vid yo;
- Koupe ti pyebwa a 50cm lè yo gen longè 1m;
- Mete tout pay ki koupe yo sou koub nivo a.
Rapèl
Pou fè kleyonaj :
- ou dwe gen pikèt ki gen yon longè 1 m epi ;
- lajè a dwe ant 5 a 10 cm ;
- Piket yo dwe anfonse nan tè a nan yon pwofondè 25 cm epi ;
- Yo dwe enkline nan sans fas pant la ;
- Chwazi bye bwa ki fasil pou pran ak fasil pou grandi ;
- Mete yon planch sou tèt pikèt lè nap plante yo pou pa andomaje yo ;
- Nou ka sèvi ak pikèt gomye, mon ben, kasya, banbou elatriye ;
- Prepare yo anvan sezon lapli a kòmanse pou yo ka gentan plante nan lepli ;
- Branch bwa kap sèvi pou klisaj yo dwe gen yon longè ant 1 a 2m.
Fasinaj
Fasinaj la se yon teknik ki menm jan ak kleyonaj, sèlman ke yo fè klisaj, yo mete yon pil pay devan pikèt yo. Teknik sa pa ka fèt sou gwo pant tankou fasinaj la, fòk pant la pi piti pase 25%.
Konstriksyon fasinaj
Piketaj
Operasyon sa ap fèt menm jan pou kleyonaj la
- Plasman pikèt yo
Pikèt sa yo ka piti ke 1 m, yo dwe plante 50 cm younn ak lot, epi fouye yo nan tè a ant 20 ak 25 cm.
- Mete pay yo
Le pikèt yo fin plase, nou dwe fè yon ti kanal devan yo. Apre sa, nap depoze roulo pay yo ki mare ak kòd devan chak liy pikèt yo. Pou pay yo ka pi solid li konseye pou mare yo tou nan pikèt yo
Antretyen
Pou kleyonaj ak fasinaj kapab dire lontan, nou dwe toujou fè travay antre tyen ladan yo tankou:
- Fè tay sou bwa repous yo;
- Replante sa ki pa leve yo;
- Ranplase klisaj oubyen bwa ki pouri yo.
Pa bliye: Kleyonaj ak fasinaj la jwe 3 wòl:
- Anpeche dlo pote tè a ale ;
- Fè tè a genbe plis frechè ;
- Anpeche rigòl ak ravin fòme nan jade.
Plasman pikèt yo
Pikèt sa yo ka piti ke 1 m, yo dwe plante 50 cm younn ak lot, epi fouye yo nan tè a ant 20 ak 25 cm.
Mete pay yo
Le pikèt yo fin plase, nou dwe fè yon ti kanal devan yo. Apre sa, nap depoze roulo pay yo ki mare ak kòd devan chak liy pikèt yo. Pou pay yo ka pi solid li konseye pou mare yo tou nan pikèt yo
Antretyen
Pou kleyonaj ak fasinaj kapab dire lontan, nou dwe toujou fè travay antre tyen ladan yo tankou:
- Fè tay sou bwa repous yo ;
- Replante sa ki pa leve yo ;
- Ranplase klisaj oubyen bwa ki pouri yo
Pa bliye: Kleyonaj ak fasinaj la jwe 3 wòl:
- Anpeche dlo pote tè a ale ;
- Fè tè a genbe plis frechè ;
- Anpeche rigòl ak ravin fòme nan jaden ;
Nan desen sa yo kiyès ladan yo ki kleyonaj e kiyès ki fasinaj? Jistifye
KODON PYE AK MI SEK
Se de lòt teknik konsevasyon sol kote yo itilize wòch yo pou fè baraj kont ewozyon. Wòch sa yo sèlman anpile youn sou lòt, yo pa gen okenn siman ak lacho ki genbe yo. Pratik sa yo fèt sito kote ki gen anpil wòch. Anpil fwa, moun yo dwe retire yo anvan yo plante sou tè a.
Kondisyon
Nomalman, yo itilize de teknik sa yo kote ki gen anpil wòch. Men, li empòtan pou nou konnen nou pa dwe retire tout wòch yo nan jaden an. Paske yo kontribye tou nan pwoteksyon tè a kont ewozyon. Li evite sol la gen ewozyon plash paske wòch sèvi kòm yon sipò
Endikasyon
- Ou ka fè misèk sou yon pant ki pi piti pase 60%
- Ou ka fè kòdon pyè sou yon pant ki pi piti pase 25%
- Ou ka fèl nan nenpòt sol depi gen wòch disponib
- Plante kann, zèb, anana ak lòt kilti dèyè yo
Avantaj | Dezavantaj |
Fasil pou fè | Anpil travay |
Retire wòch nan tè a | Li mande anpil moun |
Li mande anpil antretyen | Li mande yon travay byen fèt |
Travay antretyen
- Mete kloti pou bèt pa gen aksè sou teren an
- Bouche tout twou nan esktrikti a
- Mete yon lòt ranje wòch lè tè a kòmanse moute.
- Men li pa dwe pi wo pase 1.5 m
- Pa mare bèt bò kote mi sèk yo
- Pa mache sou yo lè nap travay nan jaden an
- Kore wòch ki souke yo
- Ranplase sa ki tonbe yo
- Kore estrikti avèk yon ranp vivan
Konstriksyon mi sek ak mi woch
- Idantifye pant teren an
- Reyalize Piktaj
- Konstwi mini teras la
Le piketaj la fini, nou dwe pase nan etap konstriksyon miniteras yo. Pwofonde a kapab 10 a 45 cm sa depann de vale pant la. Menm jan le wap fe teras pou ranp vivan, li dwe gen yon kont pant ki gen yon vale 10%. Nan tablo anba, nap jwenn dimansyon miniteras yo selon vale pant yo pou mi wòch.
Valè pant la (%) | Pwofondè (cm) | Lajè (cm) | Wote anfas pant la Wote dèyè pant la | |
Pi piti pase 15 | 10 | 60 | 50 | 60 |
15 | 15 | 60 | 50 | 60 |
30 | 25 | 60 | 50 | 75 |
45 | 35 | 60 | 50 | 85 |
60 | 45 | 60 | 50 | 95 |
Poze wòch
Pou fe kòdon yo, wap bezwen sèlman anpile wòch yo sou miniteras la. Ou ka sèvi ak ti wòch pou fè travay sa. Men, ou dwe sèvi ak bon sans ou : gwo woch anlè, ti wòch anba,. Wotè kòdon an kapab ant 20 a 30 cm epi lajè a ta dwe inifòm, sa vle di lajè baz la ta dwe lajè mi an. Pou mi wòch yo, travay sa dwe fèt avèk anpil swen tankou bòs mason. Chwa wòch yo enpotan anpil. Wòch yo dwe plat, yo dwe byen koupe pou yo kapab poze younn sou lòt san pwoblem. Si gen espas nan mitan gwo wòch yo nou dwe konble yo avèk ti wòch ki pi piti pou kabap gen estabilite. 5- Amòsaj
Amosaj la se ramplisaj espas ki ant wòch yo ak teren an. Li sevi tankou yon sipò pou yo. 6- Kilti dirab
Pou kapab bay kòdon yo ak mi yo plis sipò, nou kapab plante pye bwa, zèb ou byen kilti dirab ki kapab ranfòse estrikti sa yo.
Diferans ant kòdon ak mi woch
Tou le de teknik sa yo fet ak wòch men genyen kèk aspè ki fè yo diferan. Tablo anba fè yon rezime pou karakteristik chak teknik sa yo.
Karakteristik | Kòdon | Mi wòch |
Wotè an cm | 30 | 50 |
Dimansyon wòch | Piti | Gwo |
Nivo ajansman | Mwayen | Elve |
pant | Pi piti pase 25% | Pi piti pase 60% |
Dimansyon miniteras | Lajè a gen 35 cm | Laje a gen 60 cm |
Avantaj | Fèt ak wòch ki sou plas | Fèt ak wòch ki sou plas |
Piketaj
Piketaj la se travay de baz tout estrikti antiwosiv. Si li pa byen fèt estrikti a p ap efikas.
Etap pou fè piketaj
Detèmine pant mwayenn nan pou konnen distans pou ka mete pikèt yo. Pant sa yo rele li pant mwa yèn. Pou kalkile li, w ap pran pant la 3 oubyen plis fwa nan plizyè pati nan tèren an epi kalkile mwayèn yo.
Pa egzanp si w gen 3 pant ki se 25%, 30% epi 10%. Wap plis yo tout ansanm 25+30+10=65. Rezil ap divize pa 3. 65/3 = 21, 6.
Ki donk, pant mwayèn teren an se 21, 6%.
Prepare pikèt yo. Pikèt yo gen bèl longè (60 cm) epi yo dwe djanm. Fè pwent ladan yo pou yo ka antre fasil nan tè a. Chache liy baz teren an. Se liy ki ale nan sans pant soti anlè pou rive anba, Chache koub nivo yo sou teren an. Pou trase koub nivo yo w ap bezwen sèvi ak yon nivo.
Men kijan pou plase distans pikèt yo selon vale pant la
Pant (%) | Distans (m) |
< 10 | 12 – 15 |
10 – 25 | 10 – 12 |
25 – 40 | 8 – 10 |
40 – 60 | 6-8 |
> 60 | ~5 |