Sous: Association des Cadres pour la Protection de l’Environnement (ACAPE)
Agwoekoloji – Kisa sa ye?
- Agwoekoloji se devlopman agrikilti ak lide pou pwoteje ak refè anvironman natirèl la ;
- Pou kèk agrikiltè, agwoekoloji gen menm sans ak agrikilti biyolojik, ak agrikilti familiyal ak agrikilti dirab ;
- Agwoekoloji se yon ansanm metòd ak pratik agrikòl ki mare agrikilti ak ekosistèm yo nan lide pou Konsève resous natirèl yo. (Altieri, 1989).
Agwoekoloji, orijin li : Depi komansman XXe syèk la mo agwoekoloji a itilize pou montre relasyon ki genyen ant plant yo ak anviwonman fizik ak biyolojik kote y ap viv la. (Wezel & Soldat, 2009). Depi lane 1950 jouk jounen jodia syans agrikilti yo ap evolye epi yo rive nan disiplin sa a ke nou rele : Agwoekoloji. Nan peyi laFrans, Pierre Rabhi se youn nan moun yo konsidere kòm papa agwoekoloji. Men kijan li wè agwoekoloji a:
- Se yon mouvman ;
- Se yon bann metòd ak pratik pou yon agrikilti ki respekte resous natirèl yo.
- Metòd ak pratik Agwoekolojik
- Nou konsidere pratik agwoekolojik yo kòm yon mannyè pou pwodui manje ki chita sou 10 pwen sa yo :
- Se pou nou travay tè a san nou pa deranje strikti l ;
- N ap itilize angrè òganik ki chita sou angrè vèt ak konpòs ;
- Pwodwi pou nou swen plant yo ak bèt yo se pwodwi natirèl pou yo ye. Se pwodwi ki pap koze domaj nan anviwonman an, nan milye natirèl la ;
- Se pou nou chwazi varyete plant ki pi adapte ak zòn kote n ap travay la , e sitou pa bliye espès tradisyonèl lokal yo ;
- N ap itilize irigasyon lè nou byen konpran ekilib ki gen ant dlo ak tè a ;
- N ap itilize enèji ki pi ekilibre, bèt oubyen motè selon nesesite a ;
- N ap fè strikti ki pou pwoteje tè a san nou pa fouye twòp ;
- N ap fè kloti ak pye pran ;
- N ap plante bwa nan tout tè ki toutouni epi ki reponn pou sa
- N ap tounen ak tout metòd tradisyonel peyizan yo ki adapte .
Agwoekoloji nan Peyi Dayiti :
Gen anpil eksperiyans ki te fèt nan anpil projè k ap travay depi lontan nan tout peyi a nan pwoteje ak konsève tè a. Gen anpil enstitisyon ki repite ak travay yo nan sa, anpil kote nan peyi a. Men travay sa yo pat reponn ak tout kritè lespri agwoekolojik la genyen. Malgre tout bèl travay yo fè, lespri agwoekolojik la patko chita nan tè yo.
Ki sa yon jaden agwoekolojik ye?
Se yon pòsyon tè ki :
- Bare;
- Gen strikti mekanik oubyen biolojik;
- Fètilize ( angrè natirèl);
- Plante ak youn ou pliziyè kilti ki p ap pare menm lè (kilti asosye);
- Plante ak bwa ki byen kontwole.
Objektif jaden agwoekolojik yo
Premye objektif jaden ekolojik la se pwodwi manje :
- An kantite ak kalite pandan tout yon lane.
Deziyèm objektif li se pwodwi pou :
- Bay tè a manje;
- Bay bèt yo manje;
- Bay fanmi an manje;
- Pote manje nan mache (lokal, rejiyonal ak etènasyonal)
Enpòtans ak avantaj ki genyen lè w itilize teknik sa yo nan esplwatasyon agrikol
- Li rann tè a pi pwodiktif nan amelyore estrikti tè avèk plant kouvèti yo ;
- Diminye ewozyon nan ede fèmye yo evite nouvo ekspansyon tè lè teritwa yo vin fè pitit ;
- Li pèmèt enfiltrasyon dlo a fèt pi byen ann tè a ;
- Li pèmèt fanmiy agrikiltè yo gen manje pou tout tan pandan tout ane a;
- Li pirifye lè a ak dlo: enpòtans konsèvasyon tè a lye ak rezèv dlo a.
10 pwen enpotan nan pratik agwoekoloji ki dwe respekte :
- Yon travay ki p ap boulvese estrikti tè ou byen sol la (fouye mwens ,plante plis )
- Itilizasyon fetilizan òganik ki baze sou konpòs, plantasyon angrè vèt , teknik payaj;
- Trètman maladi ak ensèk nwisib yon fason pi natirèl posib (fèy ak grenn nim, tabak, piman, fèy papay elatriye, ki p ap andomaje milye natirèl la ;
- Fè chwa pi jis espès oubyen varyete kilti ki plis adapte ak zòn kote nap viv la, epi mete an valè espès tradisyonèl lokal ;
- Byen jere ak itilize dlo yo, paske se you resous ki ra, sa ap ede nou konprann pi byen enpòtans ak ekilib ant tè ak dlo ;
- Itilize sous enèji mekanik oubyen animal selon bezwen ;
- Fè travay konsèvasyon pou pwoteje tè a kont ewozyon ;
- Fè rebwazman nan mòn tankou nan plenn ak nan ravin yo, pandan n ap plante pyebwa fwitye, pyebwa forestye ak pyebwa pou konstriksyon kay ;
- Valorize konesans ak konpetans agrikiltè yo.
Kèk aksyon nan agwoekoloji
- Travay pou refè tè a ;
- Fè kouvèti vejetal, rejenere anviwonman ;
- Konstwi yon agrikilti peyizan dirab ;
- Resisite lavi nan kanpay yo ;
- Kreyasyon yon mouvman peyizan agwoekolojik fonksyonèl ak otonòm;
- Pwoteje tè ak estrikti kontou :
konstriksyon nivo A,
Fè estrikti mekanik :
- Woch pou fè misèk ak sey nan ravin
- Ramp pay
- Fè gabyonaj
- Fè klewonaj ak fasinaj nan ravin yo
Ramp ak pay
- estrikti vivan ;
- ramp vivan ak zèb napye
- ramp vivan ak kann, anana
- ranp ak vetivè
- ranp ak lyann panye
- Ak tout lòt espès plant ak bwa repous
Ramp vivan
- Pwoteje jaden an ak kloti vivan :
- Ramp ak kandelab ,kaktis , bayonèt
- Ramp ak plant fourajè
- Ramp ak Vetivè ak pit
- Ramp ak wòch ,ranje bwa
- Ramp ak bwa repous
- Plante fwi, plante bwa forè ak bwa pou konstriksyon Pa metod:
- repikaj
- Semi dirèk
- Pepinyè
- Makotaj
- Plante bwa pa metòd repikaj
Fè pepinyè
- Kouvri tè a ak amelyore fètilite li
- Fè kouveti sèch ( payaj)
- Plante plant kouvèti ak angrè vèt
- Fè konpòs, vèmi konpos
Plantasyon angrè vèt
Fabrikasyon konpòs
Kisa ki yon jaden agwoekolojik ?
Se yon espas ki : Klotire ;Pwoteje pa estrikti mekanik ou byolojik ; Grese /Fètilize pa angrè natirèl ;Plante ak yon n ou plizyè kilti/danre sik diferan ; plante pye bwa nan yon systèm kontwole
7 aksyon /kritè pou espas la se yon jaden agwoekolojik :
- Bare deyò, bare andan ;
- Kouvri tè
- Grèse Té
- Plante pandan nap ankouraje kilti asosye ;
- Pran swen ak fé kontwol ensèk plis natirél posib ;
- Rekoltè
- Seleksyone ak konsève semans ki soti nan jaden an
Objektif jaden agwoekolojik la genyen :
Pwodwi manje pou nouri an kantite an kalite : fanmi agrikiltè yo, pou bèt li yo, pou tè a, voye nan mache epi fè solidarite ak lòt moun. Se yon jaden dirab kap panse a jenerasyon kap vini an.
Kisa agwoekoloji a ankouraje nan kad elvaj?
Li ankouraje yon elvaj semi kontwole, sa vle di:
- Plante tout kalite zèb ak espès fourajè, legiminez yo ;
- Gade bèt yo nan pak/anklo, kalòj;
- Fé fòmasyon ak ankouraje vizit echanj elvè yo k ap pèmèt yo rive;
- Seleksyone ras bèt ki plis adapte;
- Fè kontwòl kwazman (evite menm san ak fanmiy)
- Rekòlte fimye bèt yo k ap ede nou fè bèl jaden agwoekolojik.
Jaden agwoekoloji ki gen manje pou bet
Fe anklo pandan nap mete manjwa, abrevwa, galbas sel pou fasilite bet yo bwe plis dlo ak devlope pi byen poulaye pou bét volay yo
Fè resiklaj fimye yo pou jaden
Gran defi fanmi agwoekolojik genyen :
- Sòti nan lespri ti jaden agwoekolojik, pou rive nan gran plantasyon agwoekolojik ;
- Sòti nan plantasyon agwoekolojik pou pase nan lespri fèm agwoekolojik
Kisa ki yon fèm agwoekolojik?
Yon fèm Agwoekolojik daprè Pierre Rabhi se yon inite agwoekolojik ki gen pliziyè aktivite pwodiktif, youn ap konplete lòt. Pliziyè jaden ka fòme fèm sa a.
Nou jwenn ladann: gadinaj bèt tankou gwo bèt yo (Bèf, kabrit, mouton, chwal, kochon), bèt
volay ak pwason. Nou jwenn tou kilti viv yo ak kilti marechè. Apre sa gen pye bwa k ap bay fwi ak bwa pou boule oubyen pou fè mèb ak kay. Konsa, n ap kapab nouri fanmiy yo, kominote a, komesyalize ak lòt rejyon nan peyi a, vann aletranje. Pou sa tou, nou dwe travay anpil nan koze transfòmasyon, fè pwomosyon ak komèsyalize nan pi bon kondisyon ijyén ak nitritif.
Nou dwe tou ankouraje ak mete kanpe bon jan òganizasyon lokal k ap debouche sou yon veritab mouvman/rezo peyizan otonòm (kowòdinasyon, federasyon, konfederasyon) k ap defann pwodiksyon yo, k ap defann dwa yo genyen pou yo jwenn sèvis leta ak tout lòt òganizasyon k ap bay oubyen fè prè nan bay agrikilti peyi a jarèt. Konsa n ap pwodwi plis manje k ap garanti bon jan sekirite alimantè nou nan plis diyite.