Teknik agrikòl (Agrikilti konsèvasyon)

FòmasyonZouti

Sous: Asosasyon Zamni Agrikòl (AZA)  ak Partenarya Pou Devlopman Lokal (PDL)

Agrikilti konsèvasyon, ki sa sa li ye? 

Se tout eleman qui gen vi oubyen ki pa gen vi, ki antoure yon endividi oubyen yon espès e ki kontribye a satisfè bezwen endividi sa a. »

Kèk fason nou ka defini anviwonnman 

  • Anviwonman tankou tout kondisyon natirèl ( fizik, chimik, biyolojik), oubyen kiltirèl (sosyolojik) ki kapab jwe sou moun kote li ap viv. Moun nan anviwonman an. Lè n ap pale de anviwonman, nou p ap pale sèlman de nati a, nou p ap pale sèlman de Zannimo yo (fòn) de plant yo (flò) de biyodivèsite ; men pito de yon ansanm eleman ki marye ant yo e nou menm moun nou se youn nan eleman sa yo.
  • Anviwonman se milye kote n ap viv la ; li pa ba nou sèlman resous yo li ba nou anpil sèvis, san yo nou pa t ap kapab viv.
  • Forè yo ak oseyan yo ap pwodwi oksijèn n ap respire a ;
  • Atmosfè a ap pwoteje nou kont reyon solèy yo epi l ap jwe sou regilasyon klima a ; 
  • Sous natirèl dlo a (k ap fonksyone gras ak solèy la ) ba nou dlo dous nan lak yo, nan rivyè yo epi nan nap ki anba tè yo ;
  • Sous kabòn k ap fèt nan oseyan yo, nan tè a ak nan plant yo ap estoke kabòn epi jwe sou klima a ;
  • Tè agrikòl yo pèmèt nou pwodwi manje pou nou manje ;
  • Lanmè a pwodwi manje tou lè nou itilize pwason ak tout lòt fwi lanmè yo pou nou manje ;
  • Plant sovaj yo bay enfòmasyon jenetik ki pèmèt nou kreye nouvo medikaman yo ;
  • Mikwo-òganis yo ak plant yo ap pirifye dlo e pèmèt degradasyon tout pwodwi k ap pouri yo. 

Depi plizyè lane, kalite anviwònman ap degrade e Kapasite li genyen pou li founi nou bon sèvis sa yo ap diminye. 

  • Aktivite nou menm moun, se sa ki la kòz deteryorasyon anviwonman an; e se sa nou rele degradasyon anviwonman an. Kounye a lè y ap pale de degradasyon anviwonman, yo asosye l ak mo polisyon ;
  • Gen divès kalite polisyon: lè a, dlo, polisyon kote n ap viv la, polisyon tè a ;
  • Pou nou kabap kotinye viv byen, pou nou pa anpeche tout sik vital yo fèt, pou nou pa detwi tè a, sistèm agrikilti konsèvasyon yo se youn nan aksyon ki ka pèmèt sa.

Gran defi peyi a 

You nan faktè pwodiksyon fanmi yo posede se tè a. Gran defi a se rive pwoteje l, fè l bay rannman. Aktivite pwoteksyon ak konsèvasyon tè a, proteksyon biyodivèsite ki ka rive ogmante pwodiksyon agrikòl la ak pwodiksyon bèt yo. Nou malmennen tè peyi d Ayiti ak dife, rach, manchèt ak bèt nou pa kontwole kote n ap mare yo. Nou malmennen l tou ak dlo k ap fin bwote tè yo (ewozyon) ak move pratik agrikòl.

Agrikilti konsèvasyon – Ki sa sa ye? 

Se yon seri teknik kilti ki pèmèt nou kenbe ak amelyore potansyèl agwonomik tè a, pandan n ap kenbe pwodiksyon regilye ak efikas nan yon pwen de vi teknik ak ekonomik.

Kote li soti ?

Agrikilti konsèvasyon tè, pou premye fwa, fèt Ozetazini, nan rejyon kote gwo dlo te konn kraze tè oswa ewozyon van. E li te fèt nan objektif pou pwoteje tè yo kont ewozyon sa a, e pemet ke tè a gen kilti ladan l oswa pye bwa k ap bay manje epi pwoteje l.

Pilye Agrikilti konsèvasyon 

  • Redwi kantite labouraj n ap fè yo 
  • Divèsifikasyon espès n ap kiltive yo 

Sistèm Agwoforestri 

Se yon mòd eksplwatasyon tè agrikòl ki konbine pye bwa ak rekòt oswa bèt pou yo ka jwenn pwodwi oswa sèvis itil pou moun. Se asosyasyon ant pye bwa ak kilti oswa bèt sou yon menm espas. Pratik sa a pèmèt pi bon itilizasyon resous yo (tè, semans, elatriye.), pi gwo divèsite byolojik ak kreyasyon yon mikwo klima favorab pou ogmante  pwodiksyon an. Se yon pratik kote gen yon maryaj ant plante pye bwa nan tè agrikòl ansanm ak lòt kilti pou yon pi bon rannman nan yon tan ki long.

Kote li soti ?

Pratik agwoforestri egziste depi epòk pre-istorik sou kèk fòm.

Enpòtans Sistèm Agwoforestri a 

  • Fètilize ak anrichi tè ;
  • Batay kont ewozyon tè a ;
  • Kreyasyon yon mikwoklima ki favorize pwodiksyon rekòt : briz van ak Payaj) ;
  • Règleman klima ak batay kont rechofman planèt la ;
  • Divèsifikasyon rekòt ;
  • Divèsifye sous lajan nan esplwatasyon nan ansanm metòd ak pratik nan Agwoforestri.

Estrikti ki ka ede pwoteje tè a (Ranp Pay, Kanal, Misèk, Ranp vivan, elatriye. 

  • Chwazi varyete semans ki pi adapte ak zòn nou, pa bliye, varyete lokal ki bay bon jan rannman ;
  • Itilize angrè òganik ki chita sou angrè vèt ak konpòs, fè payaj ;
  • Fè Briz Van (pye pran ak pye bwa) ;
  • Wotasyon kilti travay tè a san nou pa deranje estrikti l. Teknik sa se lè nou laboure tè a mwen souvan posib. Sa ki pèmèt estrikti tè a (Estrikti yon tè refere a fason patikilye sab, limon ak ajil yo ranje youn ak lòt) pa deranjeTravay tè a san nou pa deranje estrikti l. 

Avantaj li bay teknik wotasyon an: li kenbe tè a estab. Sa vle di li evite ewozyon van ak dlo lapli a epi tou li pèmèt ou kenbe fòn tè a ansante.

Estrikti ki pou pwoteje tè (Ranp Pay, Kanal, Misèk, Ranp vivan, elatriye). Se yon seri pratik peyizan aplike nan espwatasyon l nan lide pou pèmèt yon itilizasyon dirab tè li. Li gen pou objektif anpeche pèt tè, akòz ewozyon oswa rediksyon fètilite ki koze pa itilizasyon san pran souf de tè a oswa kontaminasyon tè a.

Ranp Pay

Se yon seri enstalasyon ki fèt ak yon pakèt branch oswa pay sou koub de nivo yo, nan lide pou anpeche dlo ale ak tè yo, kouvri tè a, epi lè yo dekonpoze pou yo anrichi tè a.

Avantaj : anpeche tè a ale, epi kontribiye nan angrese tè a lè li degrade. 

Kanal kontou

Kanal kontou se yon seri de fòs ke yo fouye nan tè a, nan yon pwofondè de 0.5 m à 1 m, an fonksyon de bezwen. Wòl li se diminye fòs dlo ki ta gen pou bwote krèm tè a ale epi tou fòse dlo antre nan tè a.

Avantaj

  • Li anpeche ewosyon ale ak tè a.
  • Epi tou diminye dega dlo sou jaden lè peryod gwo lapli. 

Misèk : Se yon teknik ki se mete kanpe yon seri mi ki fèt avèk wòch san siman ki fèt selon koub nivo yo.

Avantaj:  Yo pèmèt nou debarase tè ak wòch ki andikape devlopman plant yo, epi diminye kantite ak vitès dlo ki konn koule pou bwote grès tè a, pandan l ap pèmèt tè a rete an plas. 

Ranp Vivan 

Se yon seri plant ki plante (zèb oswa bwa) sou koub nivo yo, nan lide pou anpeche tè a ale ak pant ki kiltive yo. Wòl li se fòse dlo enfiltre nan tè a, ranp lesena ak sitwonèl.

Ranp Avantaj : 

  • Yo diminye ewozyon pandan y ap konsève grès tè pou l pa pèdi tè. 
  • Anplis de sa, bann zèb yo pèmèt yon pwodiksyon gaye gras a prezans similtane rekòt ak sik vejetatif diferan. 
  • Divèsite espès ki an plas nan estrikti sa a diminye nivo enfestasyon pa sèten ensèk nuizib yo. 
  • Chwazi varyete semans ki pi adapte ak zòn nou, varyete lokal ki bay bon jan rannman.

Avantaj : 

  • Li pèmèt nou kenbe menm kalite semans ki deja adapte nan zòn lan e ki bay bon jan rannman ; 
  • Li pèmèt nou konsève byodivèsite ki nan zòn lan, epi tou yo rezistan ak tout maladi e ensèk ki genyen nan zòn nan ;
  • Yo pèmèt nou diminye nan depans nou te pral achte semans ;
  • Se de semans nou menm nou prepare e nou abitye plante itilize angrè òganik ki chita sou angrè vèt ak konpòs, fè payaj.

Angrè òganik : Se angrè ki sòti tout ki natirèl yo tankou matyè bèt, ekskreman bèt fimye), melanj matyè bèt ak pay sèch, branch ou fèy bwa (konpòs), payaj, elatriye.

Itilize angrè òganik ki chita sou angrè vèt ak konpòs, fè payaj Kèk angrè òganik : 

  • Konpòs, 
  • fimye, 
  • payaj, 
  • angrè vèt.

Avantaj angrè òganik : 

  • Yo dekonpoze tou dousman epi yo piti piti asimile pa plant ;
  • Yo anrichi tè a ak matyè òganik e konsa ankouraje mikwo- 
  • òganis; 
  • Yo nouri tè a;
  • Yo ankouraje devlopman apwopriye nan plant; 
  • Yo zanmitay anviwònman an; 
  • Yo pa genyen okenn sibstans chimik e se poutèt sa yo san danje pou moun, plant ak bèt; 
  • Yo dekonpoze trè dousman epi yo pa riske boule plant yo. 

Wotasyon kilti : Se yon bon òganize de siksesyon rekòt espès yo sou yon menm pasèl tè pandan yon peryod tan.

Avantaj

  • Amelyore fètilite tè a 
  • Li pèmèt nou jwenn plis rannman 
  • Ogmantasyon nan eleman nitritif nan tè a 
  • Rediksyon ewozyon tè a 
  • Kontwòl ensèk nuizib ak maladi 
  • Rediksyon raje ak lajan pou n ta peye sakle 
  • Amelyore estrikti tè a 
  • Rediksyon nan polisyon 
  • Divèsifikasyon ak rediksyon nan lajan pwodiksyon an ta dwe koute

Briz van 

Se estrikti ki pi se yon liy pye bwa ki plante sou lizyè jaden nan entansyon pou kontrekare van nan kraze vitès li.

Avantaj Briz van : 

  • Redwi ewozyon van ;
  • Ogmante fetilite tè a ;
  • Ogmantasyon nan pwodiksyon an ; 
  • Divèsifye rekot la.
  • Li amelyore kalite tè a ak pwodiktivite li yo: kenbe anviwònman natirèl la pou òganis yo ogmante fètilite epi redwi nesesite pou fètilizasyon chimik, kidonk ogmante pwodiksyon an epi redwi depans an menm tan ;
  • Ede diminye ewozyon: Metòd konsèvasyon tè pou diminye ewozyon ak 
  • depwazisyon ede fèmye yo evite nouvo ekspansyon tè lè teritwa yo vin fè pitit. 
  • Li amelyore enfiltrasyon dlo ak ogmante depo li yo. Teknik konvansyonèl labouraj afekte imidite tè a lè yo diminye kapasite enfiltrasyon li yo. Kontrèman, teknik agrikilti konsèvasyon yo konpoze de travay labouraj minimòm makonnen ak kouvèti pèmanan ak kouvèti plant. Konbinezon de eleman sa yo ankouraje porosite ak enfiltrasyon (pou jwenn plis enfòmasyon) ;
  • Li pirifye lè a ak dlo: enpòtans konsèvasyon tè a lye ak rezèv dlo a. Konsèvasyon tè diminye konsantrasyon polyan ak sediman yo. Nan vire, dlo se kondisyon debaz pou fonn eleman nitritif plant yo. Sekstrasyon kabòn nan tè a ak aplikasyon chimik redwi tou kontribye nan lè pi pwòp. 

Agrikilti konsèvasyon 

Etap jesyon fèm nan 

  • Fè kalkil rantabilite ak ekonomik fèm nan ;
  • Elaborasyon kont eksplwatasyon final fèm lan nan aktivite transfòmasyon ak komesyalizasyon 
  • pwodwi agrikòl (pòs rekòt) 
  • Aktivite transfòmasyon ak komesyalizasyon pwodwi agrikòl (pòs rekòt) 
  • Devlopman biznis kòmès, estokay ;
  • Devlopman ekonomi solidè (mityèl solidarite koperativ/ asosyasyon plantè).

Evalyasyon fèm nan 

Planifye a nouvo pwodiksyon nan fèm nan pandan n ap tire bon jan leson dapre rezilta nou te jwenn.  Kloti, matyè ak tout lòt eleman.

Konte ki vale tè, bèt, zouti, elatriye. Gade nan ki eta tout sa ou genyen nan eksplwatasyon agrikòl, epi ki kantite ki kapab sèvi.