Sous:  Association Zamni Agrikòl (AZA)

Yon ti mo sou maladi

Menm jan ak moun, yon plant kapab malad tou. Lè sa a ou wè plant la pa grandi byen, li pa devlope, koulè fèy li pa nòmal, oswa randman ou t ap tann nan ou pa jwenn li oubyen plant la mouri. Anpil fwa, pwoblèm sa yo, se yon  seri de mikwòb yo rele patojèn ki lakòz yo. Nou ka di nan pifò maladi nou wè yo, patojèn yo soti deyò, epi yo rantre sou plant la pou yo fè l malad. 

Plizyè bagay ka ankouraje yon patojèn atake yon plan pwa. Nou ka site pami yo kondisyon tan an nan moman kilti  pwa ap fèt, pa egzanp chalè oswa fredi. Imidite, lè genyen anpil dlo nan lè a, oswa apre yon lapli oswa yon wouze  ak dlo koronpi ki chaje ak mikwòb. 

Gen de lè ou ka remake lè nou simen 2 varyete pwa sou yon menm teren, youn nan pwa sa yo vin malad, lòt la  rete byen djanm. Nan ka sa a, sa ka rive youn nan plan pwa sa yo pi fèb devan maladi a epi lòt la rezistan oswa  toleran a maladi sa a. 

Lòt bagay ki ka ankouraje jaden pwa yo vin malad, se lè nou plante pwa san rete sou menm moso tè a : rache  pwa, mete pwa, san nou pa kite tè a poze, oswa nou pa plante yon lòt bagay sou moso tè a (sa yo rele wotasyon  kilti a). Si nan zòn nan genyen de lòt plant ki ka soufri de menm maladi ak pwa, mikwòb patojèn yo ki bay maladi a  kapab al sere sou plant sa yo, epi lè nou plante pwa, yo tonbe sou jaden pwa nou. Pou rezon sa yo, li pa bon pou  nou kite pay pwa, fèy pwa, oswa lòt dechè pwa trennen nan jaden nou, anvan nou plante pwa. 

Atansyon, pa gen pwoblèm si nou fè konpòs ak fèy pwa, pay pwa oswa lòt dechè sa yo, epi nou mete konpòs la nan jaden nou  (IICA, 2008).

A : diferan maladi ki ka atake pwa

  •  Bakteryoz 

Se yon maladi ki popilè nan tout peyi ki plante pwa. Si li pa trete, li ka lakòz plantè a pèdi mwatye nan rekòt la.  Ajan patojèn ki reskonsab maladi a se yon bakteri ki rele Xanthomonas campestris.  

  • Men ki sa w ap wè si jaden pwa atake ak maladi sa a : 
  • Fèy yo gen yon pakèt pwen ki sanble bagay dlo kòmanse pouri (imaj 1). Plis tan ap pase, yap vin pi  laj epi pi fonse. Lè yo kontre, fèy la vin tankou yon bagay ki boule, men sou kote yo gen koulè jòn pal  (imaj 2). 
A picture containing worm, banana

Description automatically generated
A picture containing plant

Description automatically generated

Imaj 1 – Bakteryoz ki atake fèy pwa               Imaj 2 – Bakteryoz ki atake fèy pwa

  • Pye pwa yo ap vin sèch lè maladi a nan yon nivo ki avanse,
  • Menm jan ak fèy yo, gous yo gen anpakèt pwen nwa sou yo epi y ap pouri 

Imaj 3 – Bakteryoz ki atake gous pwa 

Maladi sa ka transmèt nan semans, men dlo lapli, ensèk, moun ak zannimo ka transpòte li tou. Bakteri a ka viv  pandan 15 zan nan jaden ki enfekte a. Li fè plis dega kote ki fè cho epi ki gen anpil lapli.  

  • Ki jan pou nou kontwòle Bakteryoz ? 

Pi bon fason pou kontwole maladi sa se plante semans bon kalite ki sètifye. Zorro se premye varyete pwa  nwa ki prezante rezistans kont maladi sa. Lòt pratik pou kontwole maladi a se wotasyon kilti, sa vle di pa  plante pwa sou pwa. Pou konbat maladi a nan jaden w ou ka sèvi ak fonjisid ki prepare ak kwiv. Ou ka  konbat bakteryoz tou si w plante nan peryòd sèk. Ou ka flite ak dlo lay (Kraze 2 dan lay mete tranpe nan  yon lit dlo pandan 24 trè apresa koule li epi flite ak dlo lay sa.).

  •  Mozayik  

Se maladi ki pi di ki ka atake pwa epi se ensèk ki simaye li. Gen twa kalite mozayik ki ka atake jaden pwa : Gen  mozayik komin, mozayik rasin nwa ak mozayik dore. Mozayik dore se mouch blanch ki simaye l, men mozayik komin ak mozayik rasin nwa se afid ki gaye yo. 

                                                                   

2.1. Ki jan mozayik Komin nan parèt ? 

Lè yon plant pwa atake anba maladi Mozayik Komin, fèy pwa yo soti pi piti pase fèy pwa nan yon plant ki  pa malad. Fèy ki malad yo bay 2 koulè, yon ti pati gen yon koulè vèt pal, yon lòt pati nan menm fèy la bay  yon koulè vèt fonse epi tou de pati sa yo kòt a kòt. Fèy malad yo genyen yon figi bousoufle oswa akokiye  kò yo sou anba tankou li ta vle plòtonen tèt li. Mozayik komin fè plis dega kote ki fè fre, tankou nan zòn mòn yo, men ou jwenn maladi sa a nan plenn  tou. 

2.2 Ki jan mozayik rasin nwa parèt ? 

Mozayik rasin nwa parèt menm jan ak mozayik komin nan. Sèl sa mozayik nwa genyen an plis, se nan  moman gwo chalè fèy ki nan tèt pye pwa a, genyen yon mak koulè nwa ki soti depi anlè epi ki desann nan  tout tij pwa rive jouk nan rasin. Gen de lè, menm gous pwa konn gen koulè nwa sa a. Depi mak koulè nwa  sa a rive nan rasin pwa, plan pwa rete li mouri. 

2.3 Ki jan mozayik dore a parèt ? 

Lè yon pye pwa atake anba maladi Mozayik Dore, fèy pwa soti pi piti pase fèy pwa nan yon pye ki pa  malad. Fèy ki malad yo bay yon koulè jòn tankou lò ki fò anpil. Gen de lè, nou ka remake Mouch Blanch  yo sere anba fèy pwa yo. 

Si Maladi Mozayik Dore a tonbe sou yon pye pwa avan’l fè flè, plant sa a pèdi, li p ap gentan fè gous. Si  pye pwa te gentan fleri, li ka bay kèk gous, men yap mòfreze, epi gous yo ap tòde anpil.

2.4 Ki jan nou ka kontwole maladi Mozayik nan jaden nou ? 

  • Sèvi ak varyete pwa ki reziste anba maladi sa a. Pi fò pwa nan peyi d Ayiti ka trape Maladi Mozayik. Men nan  peyi lòt bò dlo, genyen plizyè varyete pwa ki reziste anba Maladi Mozayik. Varyete DPC-40 ka reziste kont Mozayik  Komin, ICTA Ligero gen rezistans kont Mozayik Dore. 
  • Yon lòt jan ou ka kontwole maladi Mozayik, se sèvi ak semans ki pwòp, sa vle di semans ki pa gen jèm Mozayik  yo di tou. Si w gen dout son yon semans, pa pran chans. Si ou kapab ou ka fè tcheke semans nan laboratwa nan  Damyen ak nan Centre Rural de Developpement Durable (CRDD) ki nan Bas Boen. Yon lòt posibilite se achte se mans nan men yon magazen agrikòl ki serye anpakèt ki garanti w semans pa l la pa malad. 
  • Yon twazyèm fason pou nou konbat maladi Mozayik, se konbat  

afid yo ki ap simaye maladi an. Kòm afid yo viv nan raje avèk nan  

zèb lè pa gen jaden pwa, fòk nou netwaye lantouraj jaden pwa yo,  

ansanm ak jaden pwa li menm, pou nou detwi tout raje ak zèb, sa  

va pèmèt nou diminye kantite afid epi bese kous maladi Mozayik la. 

              Imaj 7 – Mouch blanch ki atake pwa.

  • Ou kapab konbat afid yo dirèkteman. Lè sa a ou ka itilize ensektisid, ki se yon pwodui ki touye ensèk. Sonje afid yo se ensèk yo ye. 
  • Pou nou fini, ou ka trete semans wap plante yo anvan ou mete yo anba tè avèk ensektisid ki rekòmande pou sa. Apre sa, ou ka flite plant yo ak Actara, acetamiprid oswa thiacloprid, pou pwoyeje yo pandan devlopman yo. 
  • Respekte peryòd plantasyon pwa nan zòn lakay ou pou pa rale  afid. 
  • Antraknoz 

Antraknoz ka detwi yon jaden pwa anvan w bat je w. Se yon chanpiyon ki reskonsab maladi a, li rele Colletotrichum  lindemuthianum. Maladi sa fè plis ravaj nan mòn kote ki fè fre (16°C) epi ki gen anpil lapli. Chanpiyon an ka atake plant  la depi nan jèminasyon rive nan mete gous. Dlo lapli, ensèk, moun ak zannimo ka pwopaje maladi sa tou. 

3.1 Kijan w ka rekonèt Antraknoz ? 

Maladi sa atake tout pati plant la : 

  • Tij jèn plant yo fouye, yo gen anpil pwen nwa long epi yo kase plis maladi a  A close up of a leaf

Description automatically generated with medium confidence

ap devlope. 

  • Nèvi ki nan do fèy yo parèt boule, yo gen yon koulè wouj wouye (imaj 8). 
  • Gous yo kòde, yo pa bay grenn epi yo gen pwen nwa won ak yon vye koulè  

           Imaj 8 – Fèy pwa ki malad ak antraknoz.


3.2 Kijan pou nou kontwole Antraknoz ? 

  • Plante pwa ki ka reziste ak maladi a. 
  • Plante pwa 2 grenn pa pokè. 
  • Rache epi boule plant ki malad yo. 
  • Pa plante pwa sou pwa 
  • Flite ak fonjisid nan moman pwa ap fleri epi lè lap mete gous.
  • Wouy    A picture containing green, umbrella, accessory

Description automatically generated

Wouy ka lakòz anpil dega nan jaden pwa. Se yon chanpiyon ki resposab maladi a, li rele Uromyces appendiculatus. Li fè plis dega lè plant la atake anvan oswa nan moman lap mete flè. Wouy pwopaje plis nan moman lapli ak kote ki fè fre. Li ka atake plant depi sou yon mwa rive nan moman lap mete gous.                                                                                                               Imaj 10 – Fèy pwa ki atake ak wouy.

4.1 Ki jan w ka rekonèt wouy ? 

Fèy yo se pati nan plant la ki pi atake. Yo gen yon pakèt ti pwen nwa oubyen mawon ki antoure ak koulè jòn. Apre 4  jou, ti pwen sa yo bay yon poud ki gen koulè wouy (imaj 10  ak 11).  

4.2 Ki jan pou kontwole Wouy ? A close up of a leaf

Description automatically generated

Pi bon fason pou kontwole maladi sa : 

  • Fè saklaj yo a lè ;
  • Pa plante pwa sou pwa ;
  • Aplike fonjisid tankou souf, ortiva, epoxiconazole, adexar ; capalo, librax
  • Plante sou liy epi mete sèlman 2 a 3 grenn pa pokè ;
  • Nou ka flite ak dlo lay lè siy yo kòmanse parèt. Imaj 11 – Fèy pwa ki atake ak wouy                                                                  
  • Nou ka flite ak dlo lay lè siy yo kòmanse parèt.                                 
  • Blan Mwazi 

Se yon maladi ki fè ravaj anpakèt nan mòn ak kote ki fè fre (pa kote ki fè fret). Lè li atake yon jaden, li ka detwi tout rekòt la. Se  yon chanpiyon ki rele Sclerotinia sclerotiorum ki reskonsab maladi sa. 

5.1 Kijan w ka rekonèt maladi sa ? 

Maladi sa atake tout pati nan plant la tankou fèy, tij ak gous yo. Lè plant la fèk atake, pati ki enfekte yo fòme pòch dlo. Apre 3 jou, mwazi blanch la kouvri tout pati ki atake yo epi li bay yon koulè nwa lèl komanse rasi (imaj 12). Li ka touye pye pwa ki atake yo nan espas 4 a 10 jou. 

5.2 Kijan pou w Kontwòle Blan Mwazi ?  

Pi bon fason pou kontwole maladi sa a : 

  • Fè saklaj yo a lè
  • Pa plante pwa sou pwa,
  • Aplike fonjisid, tankou rovral, aquaflo ak pictor pro, lè flè yo kòmanse parèt
  • Plante sou liy epi mete sèlman 2 a 3 grenn pa pokè. 
  • Plante semans ki trete kont mwazi blan.
  • Rache plant ki malad yo boule yo.  


Tach Angilè 

Se youn nan maladi ki atake kilti pwa anpil. Se yon chanpiyon ki rele Phaeoisariopsis griseola ki reskonsab li. Maladi  sa a pwopaje plis nan moman lapli, nan tanperati ki ant 18C-28C. Maladi a ka rantre sou plant yo depi sou dezyèm  semèn apre pwa fin plante, men se sou sizyèm semèn nan sentòm yo ap parèt. Se yon maladi ki transmèt nan  semans, dlo ak van ka pote l tou.  

6.1 Ki jan w ka rekonèt Tach Angilè ? 

Maladi sa atake pwa plis nan fèy ak gous. Fèy yo gen yon pakèt ti pwen gri oswa kafe ki gen fòm kare  oswa triyang. Arebò pwen sa yo bay yon koulè jòn (imaj 13). Gous yo menm gen yon bann pwen nwa tou  won (imaj 14). Lè maladi sa atake pwa nan laj avanse fèy anba yo vin jòn epi yo tonbe (imaj 15)

6.2 Ki jan ou ka kontwòle Tach Angilè ? 

Pi bon fason pou kontwole maladi sa se : 

  • Sèvi ak semans sètifye, plante varyete ki tolere maladi a ;
  • Fè wotasyon kilti pandan 2 zan ;
  • Aplike fonjisid.
  • Jonisman 

An jeneral, maladi sa pa fè gwo dega men si gen neglijans, mwatye jaden an ka pèdi. Se yon chanpiyon ki rele  Fusarium oxysporum ki reskonsab maladi sa. Jonisman pwopaje nan tè, dlo irigasyon ak rès rekòt. Li manfeste plis  nan tè lou (ki gen anpil ajil). Maladi a ka atake plant la bonè, men sentòm yo parèt nan moman florezon ak lè plant  la ap fè gous 

7.1 Kijan w ka rekonèt Jonisman ? 

Nan jaden ki atake, pye pwa yo pa devlope byen, yo fletri epi yo gen yon koulè jòn (imaj 16). Pwa mi  anvan lè. Rasin plant yo bay yon koulè woz oswa kafe. Si w koupe rasin nan sans longè wap wè menm  koulè sa yo anndan li (imaj 18). Menm siy yo parèt nan baz tij la.  

7.2 Ki jan w ka kontwole Jonisman ? 

Pi bon fason pou kontwole maladi sa se : 

  • Sèvi ak semans ki pa malad ;
  • Pa plante pwa sou pwa ;
  • Mete sèlman 2 a 3 semans pa poke ;
  • Aplike fonjisid. 
  • Moustya oswa Pwa Chode 

Se youn nan maladi ki lakòz anpil dega nan jaden pwa. Se yon chanpiyon ki rele Thanatephorus cucumeris ki res konsab maladi sa. Maladi pwa chode a fò nan plizyè zòn nan peyi a epi li devlope byen kote lapli ap tonbe anpakèt, nan epòk chalè. Chanpiyon ki bay maladi a viv nan tè a. Lè lapli ap tonbe fò, gout lapli yo frape atè a, epi labou vole  nan fèy pwa yo (IICA 2008). Maladi sa ka atake pwa depi sou dezyèm semenn rive nan ranplisaj gous. 

8.1 Ki jan w ka rekonèt Pwa Chode? 

Maladi sa atake tij, fèy ak gous. Gen kèk zòn lè sezon lapli, genyen yon seri ti pwen ki parèt nan fèy ki  pi ba nan pye pwa yo. Si lapli a kontinye ap tonbe, pwen yo laji, yo vin kouvri tout fèy la. Lè sa a, fèy yo  sanble yo te chode.

8.2 Kijan w ka kontwole  pwa chode ? 

Pi bon fason pou kontwole maladi sa se : 

  • Sèvi ak semans ki pa malad,
  • Pa plante pwa sou pwa, 
  • Asosye pwa ak lòt kilti oswa fè payaj nan  jaden pou anpeche dlo lapli ki tonbe nan tè a  vole nan fèy pwa yo. 
  • Aplike fonjisid. 

B : diferan ravaje ki ka atake pwa

  1. Vè blan (Mawoka)  

Gen yon ravajè ki rele Phyllophaga ki viv nan tè a. Vè blan sa a (Mawoka) atake preske tout kilti, mayi, pwa, legim,  kann e latriye. Lav li atake semans yo depi lè yo fèk komanse jèmen, yo manje rasin yo ak tij yo tou. Plant ki atake  yo gen pwoblèm jèminasyon, dekolorasyon ak desèchman. Mawoka sa ka detwi twaka jaden an apre 10 jou. 

Pou ka wè si jaden an gen mawoka sa, anvan w plante fè kèk twou nan jaden an ki mezire 30 santimèt longè, 30 santimèt lajè ak 20 santimèt pwofondè (30cm x 30cm x 20 cm) ; fè 3 twou pou chak ¼ tè. Si gen plis pase 3 cheni nan chak twou, jaden an gen pwoblem. 

  • Kijan w ka kontwole mawoka nan jaden pwa w? 
  • Tann pèlen pou gwo cheni yo avèk dlo fab nan  jaden an. 
  • Mete dlo fab nan bòl oswa bout gallon nan nivo sol la. Konsa, cheni yo ap tonbe epi yap tou mouri.
  • Byen laboure tè a si li pa gen pant. 
  • Byen netwaye antouraj jaden an anvan w plante. 
  • Trete semans yo ak ensektisid anva w plante. 
  1. Limas ak eskago 

Limas ak eskago fè anpakèt dega nan jaden pwa. Yo manje jèm pwa, tij ak fèy yo sitou lè jaden an fèk plante. Li  fasil pou diferansye limas ak eskago ; limas toutouni, san kal tandiske esgago gen kal.

  • Kijan w ka kontwole Limas ak Eskago? 

Pi bon fason pou konbat limas ak eskago, se kontwole yo depi anvan pwa plante. Gen 5 fason nou ka  itilize : 

  • Fè saklaj nan tè a bonè, konsa limas yo pap jwenn anyen pou yo manje, yap mouri oswa al chache  manje lòt kote ;
  • Vide 3 boutèy byè nan yon bokit epi mete l nan yon twou nan mitan jaden an. Sant byè ak rale yo  epi lè yo vini y ap tonbe nan bokit la ;
  • Ou ka itilize antilimas, yo rele meziwòl ak aryotoks ;
  • Si jaden pwa tou pre lakay ou, lè labrann komanse mare, ou ka pran yon flash wal nan jaden an, tout  limas yo ap kouri vin nan limyè a konsa ou ka touye yo ; 
  • Ou ka melanje bè timalis ak Diazinon, Ou mete melanj la anba pay. Limas yo pral rasanble anba pay  la epi manje bè ti malis anpwazonen an kap touye yo.
  1. Mouch Blanch 

Mouch blanch (Bemisia tabaci), se ravajè ki pi difisil pou konbat nan pwa. Anpil fwa li devlope rezistans kont ensekti sid nap itilize yo, sa vle di, ensektisid vin pa ka touye yo. Ti mouch sa yo malen anpil epi yo ka viv nan plenn tankou  nan mòn. Mouch blanch transmèt yon viris ki bay maladi madras.Mouch blanch la pase tout vil anba fèy pwa yo. 

  • Kijan w ka kontwole Mouch Blanch ? 

Mouch blanch difisil anpil pou konbat, men ou ka evite dega yo si w aplike mezi sa yo : 

  • Plante varyete pwa ki gen rezistans ak viris mozayik tankou ICTA Ligero, DPC-40, Xrav-40 ;
  • Fè aplikasyon ensektisid tankou Actara, Thiacloprid, acetamiprid sou pwa yo ;
  • Pa kite zèb rete nan jaden an ;
  • Rache tout pye pwa ki atake yo ;
  • Pa plante pwa twò ta, sa vle di respekte kalandrye  plantasyon pwa nan zòn lakay ou. 
  1. Charanson oswa Pis 

Charason (Apion godmaniWang), nou rele pis ki atake pwa se yon ravajè ki move anpil, li atake jaden an nan  moman florezon ak lè pwa yo komanse mete gous. Pis la pike gous ak grenn pwa yo. 

Men kijan w ka wè si jaden w gen pis. Chwazi kèk kote nan jaden an, epi chak 20 pa (20 mèt) mete yon sak nan  mitan 2 liy oswa biyon pwa yo. Si nan chak espas ou jwenn yon pis sou sak yo, jaden an gen pwoblem. 

4.1 Kijan w ka kontwole pis nan jaden w ? 

Fè aplikasyon ensektisd 7 jou apre florezon epi fè yon lòt aplikasyon yon semenn apre premye a.  

  1. Mit 

Gen 2 lòt ravajè plantè yo rele mit ki lakòz gwo dega nan pwa apre rekòt. Youn se Acanthoscelides obtectus epi lòt la se Zabrotes subfaciatus. An jeneral, ze Acanthocelides obtectus a pran ant 6 a 7 jou poul kale. Apre sa, lav la pran 23 jou pou l transfòme. Li viv sèlman 14 jou men li ponn 45 ze anvan l mouri. Ze Zabrotes subfaciatus pran 5 a 6 jou pou kale. Li viv 10-13 jou men li ponn 36 ze anvan l mouri. Acanthoscelides obtectus ponn ze nan mitan grenn pwa yo men Zabrotes  subfaciatus ponn ze l yo sou grenn pwa yo. Ravajè sa fè plis dega lè imidite a ant 13%-20%. Gen 3 fason ou ka kontwole pès apre rekòt : 

  • Byen seche semans yo. 
  • Trete semans yo avèk poud neem 
  • Trete semans yo avèk ensektisid. 

NB : Kelseswa tretman, semans yo dwe konsève yon kote fi fè fre. 

C : Fetilizasyon

 Plant yo se tankou moun, fòk yo byen manje pou yo ka grandi byen. Nan anpil etid ki fèt, savan yo dekouvri Azòt, Fosfò, Potasyòm, Kalsyòm,  Mayezyòm ak Souf se eleman ki pi enpòtan nan devlopman pwa. Nan seksyon sa, nou pral pale sou wòl chak eleman sa yo ki tankou vitamin pou plant yo. 

  1. Azòt 

Azòt reskonsab kwazans plant yo, li ede fèy yo grandi ak devlope byen. Menm jan pou fèy yo, azòt ankouraje plant la grandi epi ede devlopman gous pwa yo. Azòt se yon amino-asid, li jwe yon wòl enpòtan nan sentèz pwoteyin nan tout plant la. Plant pwa ka jwenn yon pati nan azòt li bezwen  avèk bakteri ki rele Rhizobium

Lè tè a pa gen azòt, sa fè plant la soufri klowosiz (plant la pèdi koulè vèt la) epi ka fè li pa devlope. Si plant la pa jwenn kantite azòt li bezwen an, li ka mouri. Nou kapab jwenn azòt nan fimye oswa nan ire ak lòt angrè ki make  N-P-K yo oswa angrè ki gen monyòm. 

Si pwa manke azòt devlopman plant la ap ralanti epi fèy yo ap dekolore, yap vin pal. Se fèy anba yo, sa ki pi granmoun yo ki atake anvan. Si anyen pa  fèt, yap fin chèch epi tonbe. 

Pwa ka pa gen kantite azòt li bezwen  an nan ka sa yo :  

  • lè plantè a pa mete angrè nan jaden li ; 
  • lè bakteri ki nan sol lakòz azòt la pèdi ;
  • lè gen ewozyon oswa tè a inonde (plen dlo).
  1. Fosfò 

 Menm jan ak azòt, lè pwa manke fosfò, li pap grandi ni devlope byen. Fèy yo bay yon  koulè vèt fonse klere epi pwent fèy yo bay yon koulè wouj. 

Fosfò pèmèt semans yo jèmine epi ede jèn ti plant yo devlope. Li estimile florezon ak  fòmasyon boujon. Li ede gous pwa yo fè grenn. 

Nou kapab jwenn fosfò nan angrè natirèl tankou wòch fosforik oswa nan angrè chimik  tankou mono fosfat (11-48-0) ak di-amonyòm fosfat (18-46-0) oswa trip fosfat (0-46-0) 

  1. Potasyòm 

Potasyòm enpòtan anpil: 

  • Li ede plant la grandi ak devlope, 
  • Li patisipe nan fòmasyon pwoteyin, 
  • Li bay tij yo fòs pou yo pa kase fasil, 
  • Li ranfòse kapasite plant la pou l goumen ak maladi epi tan sèk, 
  • Li ranfòse kapasite plant la pou l goumen ak sechrès, 
  • Li pèmèt gous yo plen, 

Lè pwa manke potasyòm, pwent fèy ki anba yo pèdi koulè vèt la (klorosiz). Apre sa, li atake jèn  ti fèy yo. Si plant la pa jwenn potasyòm ditou, tout plant la vin jòn epi fèy anba yo tonbe. Ou ka jwenn potasyòm nan angrè natirèl tankou fimye ak konpòs oswa nan angrè chimik  tankou nitrat potasyòm (13-0-44), (0-0-60), silfat potasyom (0-0-50). WA 

  1. Kalsyòm 

Kalsyòm ede devlopman boujon ak rasin. Li pèmèt plant la pa kase fasil. Kalsyòm nan plant la rete sèlman nan pati  ki pi granmoun yo. Poutèt sa, lè plant pwa manke kalsyòm, se jèn fèy yo kap atake anvan. Kalsyòm ede plant la  pran azòt pi byen.  

Lè yon plant manke kalsyòm ou wè sa nan boujon fèy, tij ak rasin. Jèn fèy yo atake anvan epi yo vin defòme. Lè  plant la pa gen kalsyòm, tout boujon plant la mouri. Nan kèk plant, defisyans la konn lakòz pwent fèy yo woule pa  anba epi yo vin tou nwa. Depi plant la pa jwenn kalsyòm rasin li pap devlope epi lap rachitik. 

Ou ka jwenn kalsyòm nan angrè natirèl tankou fimye ak konpòs oswa nan angrè chimik tankou nitrat kalsyòm, silfat  kalsyòm ak sipèfosfat.

  1. Mayezyòm 

Mayezyòm, menm jan ak azòt, jwe yon wòl enpòtan nan kwasans ak devlop- devlopman plant la. Li ede plant la pran lòt eleman li bezwen pou l viv. Tankou, li ede fòsfò sikile nan tout plant la. Tè nan zòn bò lanmè gen pwoblèm mayezyòm. Konsa tou, sol ki gen sab  

prezante menm pwoblèm nan lè lapli ap tonbe. Lè plant la gen pwoblèm mayezyòm, venn fèy yo bay yon koulè vèt fonse epi espas nan mitan venn nan jòn. Fèy anba yo toujou atake anvan. Si pwoblèm nan pa rezoud, fèy anlè yo ap atake. Fèy ki jòn yo ap vin wouj ak yon pakèt pwen nwa sou yo. Ou ka jwenn mayezyòm nan angrè natirèl oswa nan angrè chimik 

  1. Souf 

Souf se yon lòt eleman ki enpòtan anpil pou fabrikasyon pwoteyin nan plant la,  enpòtan pou randman ak kalite rekòt. Li ogmante gwosè ak fòs grenn yo epi  ranfòse kapasite plant la pou pran azòt. 

Lè plant pwa a pa jwenn souf li pa grandi, li pa devlope menm epi li mi ta.  Ou ka jwenn souf nan angrè natirèl oswa angrè chimik tankou silfat potasyòm,  silfat mayezyòm, silfat amonyòm. 

Pou fini, Kilti pwa se yon kilti ki rantab epi ki rich an proteyin. Kidonk, yon plantè gen anpil entere pou l pwodwi  pwa, lap met kòb nan pòch li epi lap ede l viv an sante. Men kilti pwa gen anpil egzijans, li mande bon tè, dlo ak swen.  

Toujou sonje konsèy sa yo : 

  • Fè wotasyon kilti, sa vle di pa plante apre pwa ; 
  • Plante sou biyon pou anpeche dlo dòmi nan jaden an ; 
  • Plante semans ki sètifye pou evite pwoblem maladi ak move randman ; 
  • Toujou plante pwa bonè pou evite ravajè ak maladi ; 
  • Toujou mete fimye oswa angrè komèsyal lè wap plante ; 
  • Aplike pestisid depi jaden w atake; 
  • Rele ekip MGP a si gen yon pwoblèm ki depase w